Lendi 10 Dawout 2026 | N°00564

Nan yon kontèks kote anpil kominote ann Ayiti ap fè fas ak gwo defi nan domèn edikasyon, kominikasyon ak devlopman lokal, gen kèk fanm ak gason ki chwazi mete lavi yo nan sèvis lòt moun. Se ka Franckel OCCESSITE, yon pastè, avoka, pwofesè, direktè medya ak lidè kominotè ki, pandan plizyè dizèn lane, ap eseye pote kontribisyon pa li nan fòmasyon jenerasyon k ap vini yo. Nan entèvyou li ak Centre à la UNE, li rakonte chemen lavi li, vizyon li ak espwa li pou avni peyi a.

Franckel OCCESSITE se pitit seksyon Gaskòy, nan komin Mibalè. Manman li soti Machekana, tandiske papa li soti Devarye. Li grandi nan Devarye anba sipèvizyon papa li ak bèlmè, ki tou de mouri jodi a. Se nan menm lokalite sa a li fè premye etap fòmasyon li nan École Mixte Salem, yon lekòl ki vin tounen Collège Salem, yon enstitisyon li konsidere kòm youn nan reyalizasyon li yo. Apre sa, li antre nan Lise Nasyonal Mibalè an 1996, kote li fè tout etid segondè li.

Apre etid klasik li, li pran direksyon Pòtoprens pou pouswiv etid siperyè nan Théologie nan Séminaire Théologique Nazaréen d’Haïti, ki chita sou Wout Frè, Petyonvil. Pandan kat ane li pase nan enstitisyon sa a, li prepare tèt li pou ministè pastoral la. Men enterè li pou konesans pa t limite sèlman ak teyoloji. Li antre tou nan Centre Universitaire Moderne d’Haïti (CUMOH) pou etidye syans administratif pandan de lane.

An 2008, li retounen definitivman nan Devarye. Se la li kòmanse yon lòt chapit nan lavi li kòm pwofesè. Li anseye nan plizyè kolèj nan Mibalè ak Sodo, pandan li pran responsablite kòm pastè Legliz Chrétienne de la Bible de Desvarieux. Pou li, ansèyman ak ministè pa janm de chemen diferan. Li toujou kwè fòmasyon lespri ak fòmasyon espirityèl dwe mache ansanm pou konstwi yon sosyete ki pi solid.

Lavi fanmi li gen yon istwa ki make anpil emosyon. Pandan li te toujou jèn, li te rankontre Angeline Jeune nan yon kan jenès nan Beladè. Nan epòk la, li pa t janm imajine se li menm ki t ap vin madanm li plizyè ane apre. Li sonje yon dimanch pandan l t ap preche, li te fè swè pou jèn fi sa a vin madanm yon pastè. Lavi fè tout kontak yo koupe pandan plizyè ane. Finalman, apre li fin antre nan ministè pastoral la, se menm jèn fi sa a li marye an 2011. Jodi a, yo se paran kat timoun, de tigason ak de tifi, yon benediksyon li di li pap janm sispann remèsye Bondye pou li.

Anplis ministè ak ansèyman, Franckel OCCESSITE kontinye ranfòse fòmasyon akademik li. Li etidye Dwa nan École de Droit et des Sciences Économiques de Mibalè, sa ki fè li vin manm Bawo Mibalè. Li pouswiv yon fòmasyon nan Syans Edikasyon nan Institut Supérieur Marcel Bédard (ISMB), yon pwogram ki te jwenn sipò Legliz Katolik Meksik. Li antre tou nan yon pwogram metriz nan Syans Politik nan Institut Supérieur des Sciences Sociales, Économiques, Politiques et Juridiques (ISSEPJ). Jounen jodi a, li ap prepare yon doktora nan Diplomasi ak Relasyon Entènasyonal nan Inivèsite El Shaddaï.

Pou Franckel OCCESSITE, ansèyman se yon pasyon menm jan ak ministè pastoral la. Li eksplike depi nan kòmansman sèvis li kòm pastè, li te toujou kwè evanjelizasyon ak edikasyon dwe mache ansanm. Dapre li, preche Levanjil la nan san li, men ansèyman sikile nan tout venn li. Li wè de misyon sa yo kòm de zouti ki kapab transfòme lavi moun.

Se apre eksperyans sa yo li antre nan domèn medya. Pandan plizyè ane li anime emisyon nan yon estasyon radyo nan Mibalè. Eksperyans sa a fè li pran konsyans sou pouvwa medya genyen pou enfòme, edike ak mobilize popilasyon an. Se konsa li pran desizyon pou l kreye Radio Télé Mutation (RTM) nan Devarye. Pou li, se te yon defi. Li pa t konprann poukisa yon lokalite tankou Devarye, ki gen anpil potansyèl, pa t gen pwòp estasyon radyo pa li, tandiske lòt zòn ki toupre yo te deja genyen plizyè. Gras ak sipò popilasyon an ak dyaspora Devarye a, pwojè a vin reyalite.

Sou kestyon edikasyon, Franckel OCCESSITE pa kache enkyetid li devan nouvo defi yo. Dapre li, rezo sosyal yo vin youn nan pi gwo obstak pou aprantisaj timoun ak jèn yo. Li estime anpil elèv pase plis tan sou telefòn pase nan liv yo. Li raple plizyè peyi deja pran mezi pou limite aksè timoun yo ak rezo sosyal yo. Pou li, fanmi yo dwe jwe yon pi gwo wòl nan siveyans timoun yo, paske pa gen bon ansèyman san bon aprantisaj.

Lè Centre à la UNE mande l ki mesaj li vle voye bay sosyete a, li reponn Ayiti bezwen plis patriyòt, plis solidarite ak plis angajman. Li kwè chak sitwayen dwe defann dwa li, men li dwe tou ranpli devwa li anvè peyi a. Antanke pastè, li ensiste sou enpòtans espwa, jistis ak lafwa. Li raple pawòl Bib la ki di se jistis ki leve yon nasyon.

Men lavi pa t epanye li. Li rakonte ak anpil emosyon trajedi 31 mas 2025 la, lè gang ame yo anvayi Mibalè. Li konpare eksperyans sa a ak yon chodyè dlo bouyi kote yon bokit dlo glas tonbe ladan l. Tout sa li te bati pandan plizyè ane disparèt nan kèk èdtan. Men li di Bondye, fanmi li ak bon zanmi yo ede li pa dekouraje. Jodi a, malgre tout pèt sa yo, li kontinye travay sou yon nouvo pwojè pou bati yon lekòl modèn nan Beladè, paske li kwè edikasyon rete pi bon eritaj yon sosyete kapab kite.

Pou li, medya yo gen yon misyon istorik. Yo pa dwe sèlman bay nouvèl, men yo dwe edike, denonse enjistis, ankouraje edikasyon sivik ak fòme konsyans sitwayen yo. Li rekonèt anpil medya ann Ayiti ap lite ak mank resous, sa ki souvan mete endepandans yo anba presyon. Men li kwè laprès dwe rete yon zouti pou verite ak pou sèvis piblik, espesyalman nan yon peryòd kote peyi a ap prepare pou eleksyon.

Lè yo mande li ki pi gwo satisfaksyon li jwenn nan tout pakou li, li pa pale de diplòm ni fonksyon. Li di pi gwo rekonpans li se lè li wè lavi moun chanje grasa travay li fè. Lè moun vin rakonte li kijan yon konsèy, yon kou, yon predikasyon oswa yon aksyon li poze ede yo pran yon lòt direksyon, se moman sa yo ki ba li plis fòs pou kontinye.

Pou fini, Franckel OCCESSITE voye yon mesaj espwa bay jenès ayisyèn nan. Li ankouraje jèn yo fòme tèt yo, pran responsablite yo epi patisipe nan lavi piblik peyi a. Li raple deklarasyon Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ki te envite jenès la pran desten peyi a nan men li. Dapre li, avni Ayiti depann de jenerasyon sa a. Se poutèt sa li mande tout jèn yo pou yo prepare tèt yo, angaje yo nan lavi sitwayèn epi sèvi peyi a avèk konpetans, entegrite ak lanmou pou nasyon an.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar

Laisser un commentaire