Yon delegasyon Direksyon jeneral Polis Nasyonal Ayiti a ki te gen nan tèt li Paul Thomas, vizite komisarya Tousen Louvèti vil Gonayiv, jedi 2 fevriye 2023 a. Lide vizit sila se pou pran revandikasyon polisye yo epi vizite manm fanmiy divès polisye ki te tonbe anba bal bandi Savyen yo nan komin lyankou 27 janvye pase a.

Aprè polisye Ayisyen yo ap tonbe tankou grenn lapli anba kout bal bandi malfra yo, dènye ka ki pi resan yo la, se divès polisye, anviwon 7, ki tonbe anba kout bal bandi Savyen nan depatman Latibonit, ak yon lòt polisye bandi chèf gang Ti Makak yo asasinen nan Pòtoprens nan fen mwa janvye 2023 a, yon delegasyon te antre Gonayiv pou rankontre polisye yo ak fanmi polisye viktim yo.

Delegasyon sila ki te rann li nan vil Gonayiv pa t rive fè siksè, puiske polisye yo poze yon ansanm kondisyon (envyolab) pou rive aksepte yon nouvo komisè nan tèt polis Gonayivyèn nan epi pou yo reprann travay.

Men kèk nan kondisyon yo poze : Polisye mande fòk Leta Ayisyen, atravè wo kòmandman PNH la, ba yo materyèl nesesè pou goumen ak bandi yo, ki gen gwo zam lou nan men yo.

Pi lwen, polisye yo te deja fè konnen yo pa prè pou resevwa okenn delegasyon. Yo fè konnen avan pou pou yo reprann travay, fòk yo genyen 2 blende, fizi daso, minisyon, kas, jile pa bal… San sa, yo p ap reprann travay, ni yo p ap dakò okenn enstalasyon. Delegasyon an bò kote pa l pa t fè okenn pwomès, selon jounalis Frantz Renel Lebrun.

Paralèlman, genyen komisarya Sen Mak la ki te fèmen pou kesyon ensekirite, puiske polisye fè konnen yo te santi vi yo menase parapò ak atwosite bandi yo, ki pa sispann asasinen tout sitwayen nan peyi a, sitou polisye. Sepandan, yo fè konnen yo prè pou met tèt ansanm ak polisye Gonayiv yo epi ale demantle gang Savyen yo, men fòk yo gen materyèl ak akonpayman nesesè pou sa.

Gwoup polisye sa yo ki kwè se neglijans ki lakòz bandi pa sispann asasinen polisye nan peyi a, di y ap tann Leta santral peyi a, pou degaje yo voye akonpayman nesesè pou yo, nan objektif pou yo mache pran bandi yo.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841