Pandan plizyè ane, Ayiti ap travèse yon seri kriz pwofon ki frape chak sektè nan sosyete a: yon kriz sosyal kote lavi popilasyon an deteryore, yon kriz politik kote enstabilite ranplase dyalòg, ak yon kriz ekonomik kote chomaj ak lamizè ap monte san rete. Nan tout peyi kote enstitisyon fò ak responsab ekziste, inivèsite yo gen yon wòl esansyèl pou jwe kòm sant refleksyon ak pwopozisyon solisyon. Men, nan ka Ayiti, inivèsite yo rete etranjman silansye pandan peyi a ap plonje nan yon dezòd san parèy. Silans sa a soulve kesyon fondamantal sou wòl inivèsite nan kriz sosyete nou ap travèse jounen jodi a.
Inivèsite se sant konesans, refleksyon, e devlopman kritik pou yon sosyete. Se nan espas sa a kote lide yo boujonnen, rechèch avanse fèt, ak talan fòme pou prepare moun k ap ede rezoud pwoblèm fondamantal nasyon yo. Nan peyi Dayiti, menm jan ak nan tout sosyete k ap devlope, wòl inivèsite a ta dwe genyen yon valè san parèy pou mennen peyi a sou wout pwogrè sosyal ak ekonomik. Malerezman, pratik sa a prèske disparèt nan kontèks ayisyen an. Se pou sa nou dwe repanse ak ranfòse wòl inivèsite yo pou yo vin pi itil nan bati lavni peyi a.
Inivèsite se pa sèlman yon espas kote moun vin aprann; li se tou yon zouti nan batay kont enjuitis ak yon katalis pou devlopman. Se kote moun ak eksperyans, etidyan ak pwofesè, ta dwe rasanble pou reflechi ansanm epi pwopoze direksyon nouvo. Edward Said, yon filozòf ak entelektyèl, te ensiste sou wòl entelektyèl yo kòm “laverite kont pouvwa.” Nan peyi Dayiti, kote pouvwa an silans devan malè popilasyon an, inivèsite yo ta dwe sèvi kòm lavwa pou pale pou peyi a. Yon inivèsite ki rete nan silans lè sosyete a ap boule pèdi wòl li kòm gadyen limyè a nan moman difisil.
Yon sosyològ fransè tankou Pierre Bourdieu te montre kijan inivèsite jwe yon wòl esansyèl nan pwodiksyon konesans, men tou nan fòmasyon kad ki kapab panse kritikman. Se sa Ayiti bezwen: yon jenerasyon jèn ki kapab reflechi sou pwòp pwoblèm yo epi pwopoze solisyon ki adapte ak reyalite peyi a. Paul Freire, yon filozòf brezilyen, te ajoute ke edikasyon se yon zouti liberasyon; nan yon peyi tankou Ayiti, inivèsite yo ta dwe sèvi kòm yon espas pou libere lide, pou ranfòse lidè, epi pou kreye moun ki ka mobilize chanjman.
Frantz Fanon, yon lòt entelektyèl Karayibeyen, te eksplike ke edikasyon se youn nan zouti ki ede pèp yo pran konsyans sou pwòp sitiyasyon yo epi jwenn zouti pou chanje kondisyon lavi yo. Nan moman kote jenès ayisyen an santi l dezespere, se yon erè istorik ke inivèsite yo pa pran pozisyon pou dirije panse kolektif ak enspire chanjman. Enstiti edikatif nou yo ta dwe mennen refleksyon pou pèmèt jèn yo konprann epi atake sistèm enstiti k ap oprese yo.
Nan Ayiti, mank envestisman nan inivèsite yo bay yon reyalite kote espas sa yo pa fonksyone nan pwomouvwa rechèch lokal. Jean Casimir, yon entelektyèl ayisyen, avèti ke Ayiti bezwen yon sistèm edikasyon ki adapte ak idantite li, yon sistèm ki pa imite modèl etranje men ki baze sou reyalite sosyete ayisyèn. San yon sistèm konsa, inivèsite yo ap toujou anfas difikilte pou satisfè bezwen peyi a.
Nan reyalite peyi nou an, silans inivèsite yo reflete yon feblès enstitisyonèl ki oblije mande kisa k ap fèt nan sektè edikasyon siperyè nou an. Ki jan inivèsite yo ta dwe rezone si yo te devlope yon vizyon kote rechèch ak angajman sosyal vin pi enpòtan pase menm “tit” edikasyonèl la? Sa vle di, inivèsite yo bezwen revize fason yo fonksyone, non sèlman pou forme pwofesyonèl, men tou pou fòme sitwayen angaje ki ka kontribye pou rezoud pwoblèm nasyonal yo.
Nou ka di si nou vle yon Ayiti ki ap avanse, fòk inivèsite nou yo reprann plas yo kòm fòjè lidè e konbatan enjistis sosyal. Se nan espas sa yo n ap prepare pwofesyonèl ki gen kapasite pou rezoud pwoblèm lokal yo e ankouraje pwogrè ekonomik ak sosyal nan kominote nou yo. Sistèm inivèsitè a dwe devni yon priyorite nasyonal pou garanti yon lavni kote Ayiti pral kanpe pi solid, pi endepandan ak pi fò.
Se yon responsablite istorik pou inivèsite ayisyèn yo soti nan silans epi vin patisipe aktivman nan batay pou chanjman sosyal, politik ak ekonomik peyi a bezwen. Sistèm inivèsitè nou yo dwe jwe yon wòl fondamantal pou konstwi yon Ayiti ki pi jis, pi santralize sou devlopman ak sou lavi moun. Silans yo nan moman difisil sa a se yon dekourajman pou jenerasyon k ap grandi yo; li se yon dezèv pou tout popilasyon an. Se moman pou nou leve vwa nou pou ankouraje enstitisyon sa yo rekipere plas yo nan lit la pou yon Ayiti miyò, kote inivèsite yo sèvi kòm flanbo pou lavi ak avansman sosyal.
Jean Launy AVRIL, Centre à la UNE !