Aprè yon lòt chapit chaje ak tansyon nan politik ayisyen an, Konsèy Prezidansyèl tranzitwa akouche ofisyèlman Alix Didier Fils-Aimé kòm nouvo Premye Minis Ayiti. Nominasyon sa a vini nan yon moman kote peyi a ap fè fas ak plizyè defi sosyal, ekonomik, ak politik. Liy konsèy la ki chita dèyè yon slogan nou ka atribiye, « Viv ansanm, manyen youn manyen tout, » domine peyi a depi bon ti bout tan, se yo ki mèt peyi a menm si yo ak yon zèl sapat, yon entèpretasyon ki montre slogan kòm yon vizyon inite ak solidarite, menm si kritik yo kwè ke akizasyon koripsyon ki vize kèk manm konsèy la riske menase kredibilite gouvènman an ak KPT ou Konsèy solidè G9 ( 9 konseye yo).

Yon premye Minis nan mitan tansyon politik

Ranplasman ansyen Premye Minis Gary Conille pa Alix Didier Fils-Aimé se yon mouvman ki soulve anpil kesyon e ki gen gwo enplikasyon pou avni tranzisyon an. Gary Conille, ki te gen yon manda kout men difisil, te ap fè fas a gwo presyon e kontradiksyon nan mitan pouvwa a, e depa li reflete pwoblèm ki genyen nan jesyon politik peyi a. Se nan kontèks sa a ke konsèy prezidansyèl la, atravè desizyon l, fè yon chwa ki ta dwe ranfòse pwosesis tranzisyon an pandan y ap fè fas ak kriz konfyans.

Alix Didier Fils-Aimé: Yon Chwa estratejik?

Nouvo Premye Minis la, Alix Didier Fils-Aimé, parèt kòm yon figi ki kapab pote yon nouvo elan, malgre kontèks enstabilite a. Fils-Aimé, ki se yon politisyen ki te toujou swete rantre nan administrasyon piblik la, deja gen anpil eksperyans nan jesyon biznis li e li pwomèt pou pote stabilite ak transparans nan administrasyon an. Men, li deja ap fè fas a gwo atant popilasyon an, ki swete wè yon gouvènman ki reyèlman angaje pou amelyore kondisyon lavi a.

Daprè kèk analiz politik, Fils-Aimé genyen potansyèl pou rasanble e reòganize gouvènman an, men l ap bezwen sipò total konsèy prezidansyèl la ak yon apwòch klè kont koripsyon si li vle reyisi, e sa se pi gwo andikap pou l ta rive fè yon bagay konsa paske menm moun ki siyen pou vinn premye minis yo , 3 manm ladan yo deja enkilpe nan zafè koripsyon ke yon pati peyi a ap tann demisyon yo san delè. Li di ke, anba direksyon li, administrasyon an ap fè tout sa ki nesesè pou respekte prensip transparans ak responsablite ki se baz travay li.

Repons sosyete sivil la

Reyaksyon sosyete sivil la fas a nominasyon sa a divize. Gen kèk sektè ki kwè ke nominasyon Fils-Aimé ka pote yon balans nan gouvènman an ak etabli yon plan aksyon klè pou chanje sitiyasyon peyi a. Sepandan, gen anpil ki rete sispèk e ki mande pou konsèy la pwouve ke chanjman sa a se pa yon senp chanjman figi, men yon angajman reyèl pou amelyorasyon.

« Slogan ‘Viv ansanm, manyen youn manyen tout’ la se yon ideyal ki pral teste nan fè fas a pwoblèm reyèl Ayiti ap konfwonte, » eksplike yon reprezantan òganizasyon sosyete sivil la. « Peyi a bezwen yon Premye Minis ak yon gouvènman ki kapab demontre transparans, e ki dispoze travay ak tout sektè pou kwape koripsyon ak retabli konfyans. »

Yon egzamen pou konsèy prezidansyèl la

Nominasyon sa a pote sou li yon gwo chay pou konsèy prezidansyèl la, ki gen pou misyon dirije peyi a pandan peryòd tranzisyon sa a. Manm konsèy yo, ki te monte ak pwomès « manyen youn manyen tout » la,) demontre reyèlman solidarite konpleksite nan fonksyone kòm yon ekip ak yon konsansis solid menm si 3 manm nan yo plonje byen fon nan eskandal Koripsyon nan peyi. Si yo reyisi bay sipò ak transparans ki nesesè pou Premye Minis Fils-Aimé, sa pa ka ranfòse kredibilite konsèy la e sa demontre yo pa ka angaje yo pou mennen yon tranzisyon demokratik ak onètete .

Wòl Centre à la UNE nan enspekte Gouvènman an

Kòm medya angaje, Centre à la UNE rete vijilan nan fè limyè sou pwosesis politik sa a ak rapòte aksyon moun ki gen pouvwa yo. Nou kwè ke se devwa nou pou swiv kisa slogan « Viv ansanm, manyen youn manyen tout » la reyèlman vle di nan pratik, e si nouvo Premye Minis la ak Konsèy Prezidansyèl Tranzitwa a ap travay pou fè respè angajman yo genyen anvè pèp ayisyen an.

Chimen ki devan Fils-Aimé pa fasil. Menm jan ak tout lòt gouvènman tranzitwa, li gen pou pwofite opòtinite sa a pou bati baz yon Ayiti ki gen plis transparans, jistis, e ki reyèlman angaje pou sèvi pèp la san patipri.

Jean Launy AVRIL, Centre à la UNE !

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar