An teyori, Konstitisyon an se baz tout gouvènans lejitim, ki la pou garanti dwa sitwayen yo ak defini enstitisyon leta yo. Sepandan, nan Ayiti, non-aplikasyon Konstitisyon an kreye yon vid enstitisyonèl kote aktè politik yo dirije akò politik ki pa konstitisyonèl, sa ki febli lejitimite leta a ak prensip demokratik yo. Deriv sa a fè respè eta de dwa a vin febli, paske lwa ak enstitisyon ki prevwa nan Konstitisyon an pa respekte, e se desizyon politik tanporè ki pran plas yo.
Analiz Jean-François Bayart nan L’État en Afrique montre kijan manipilasyon Konstitisyon an ak evite pwosesis fòmèl yo transfòme estrikti leta a an zouti pou ranfòse pouvwa elit yo, yon bagay ki diminye otorite leta a ak kredibilite enstitisyon li yo.
Yon vid enstitisyonèl ki ranplase pa akò politik
Vid enstitisyonèl Ayiti a, ki koze pa absans eleksyon regilye ak echèk anpil pouvwa piblik yo, fè aktè politik yo depann de akò tanporè ak konpwomi ki pa konstitisyonèl. San yon gouvènman eli ak enstitisyon k ap fonksyone, akò politik sa yo ranplase mank nan, men yo pa kreye baz solid pou yon gouvènans lejitim ak stab.
Robert Dahl, nan etid li sou fragilite demokrasi yo, fè konnen ke aranjman tanporè febli konfyans nan sistèm politik la e ankouraje sinis. Nan Ayiti, reyalite sa a tradwi pa yon politik kote desizyon enpòtan yo pran deyò kad legal.
Gouvènman defakto: yon jesyon tanporè ki vin pèmanan
Egzistans yon gouvènman defakto san manda konstitisyonèl kreye yon sitiyasyon kote Leta a pa suiv egzijans lalwa, men pito adapte li ak sikonstans politik aktyèl yo. Jesyon defakto sa a pa ofri okenn garanti pou estabilite a long tèm, paske li repoze sou akò frajil ak yon otorite ki konteste. Enstabilite politik ak ensètitid sou lavni gouvènans leta a mine menm fondasyon demokrasi a.
Max Weber, nan konsèp « lejitimite otorite » li a, eksplike ke otorite lejitim depann swa de legalite swa de nòm tradisyonèlman aksepte. Nan Ayiti, absans eleksyon ak lejitimite popilè a febli otorite gouvènman defakto a e fè respekte legalite gouvènans lan vin banay.
Dwa a, ke akò politik yo mete sou kote
Predominans akò politik kòm solisyon kriz la ranfòse marginalizasyon dwa a, e li redui li a yon fòmalite ki pa gen aplikasyon reyèl. Kounye a, desizyon yo pran an fonksyon enterè politik olye de prensip legal, e sa detwi konfyans sitwayen yo nan enstitisyon yo. Pran akò olye de lwa fè ke lwa pa wè ankò kòm yon valè fondamantal, men kòm yon opsyon ki ka adapte a sikonstans.
Rechèch tankou sa Pierre Bourdieu fè montre ke dwa a pèdi otorite li lè li vin tounen yon zouti k ap sèvi enterè politik yo. Sitiyasyon sa a ann Ayiti fè dwa tounen yon zouti manipilab, ki pa ka asire jistis ni regle efikasman pouvwa.
Al chèche redefine baz enstitisyonèl yo
Banalizasyon dwa a ann Ayiti se yon siy kriz pwofon kote gouvènans la repoze sou mekanis tanporè, ki pa lejitim, ak ki deyò Konstitisyon an. Non-aplikasyon Konstitisyon an, vid enstitisyonèl, ak gouvènman defakto favorize yon kilti politik ki dekonekte de valè legal yo. Pou retabli estabilite a, Ayiti dwe ranfòse enstitisyon li yo e retabli primati dwa a, pou asire yon gouvènans lejitim epi pou retabli konfyans sitwayen yo nan Leta.
Jean Launy AVRIL, Centre à la UNE !