Nan yon mond kote dwa moun ak libète fondamantal yo ap sibi anpil menas, libète laprès rete yon poto mitan ke okenn moun pa dwe souke. Men malerezman, sa k sot pase nan Mibalè, kote kèk menas grav fèt kont jounalis yo, montre danje ki kontinye pandye sou tèt moun ki chwazi defann verite ak enterè piblik.

Kowalisyon Jounalis nan Sant lan sot denonse ak tout fòs li zak entimidasyon ak menas ke Pierre Rénald Geffrard, yo rele « Arpenteur Jean-Jean », fè kont de konfrè jounalis nou yo, Joseph Samuel Guillaume ak Sadrax Ulysse. Jounalis sa yo, ki byen koni pou angajman san limit yo nan defann dwa moun ak jistis sosyal, te pran pozisyon nan emisyon yo pou denonse deriv, desizyon enkoerans, ak move pratik ki anpeche devlopman sosyete nou an. Nan emisyon Centre à la UNE ak ZAO FM 99.5, yo toujou soulve sijè ki enpòtan, mete limyè sou enjistis, ak fè apèl pou chanjman pozitif.

Travay jounalis sa yo pa limite ak rapòte nouvèl, men li ale pi lwen nan pouse refleksyon, kreye deba konsyans, e ankouraje otorite yo pran responsabilite yo fas ak pwoblèm sosyete a. Se pandan, nan Mibalè, menas ki fèt kont yo pa yon menas kont moun sèlman, men yon atak dirèk kont libète laprès ak dwa pèp la pou jwenn bonjan enfòmasyon.

Zak entimidasyon sa yo, kote Arpenteur Jean-Jean chwazi itilize fòs ak menas pou fèmen bouch jounalis yo, montre yon mepri total pou valè demokratik yo. Si zak sa yo pa kanpe byen vit, yo ka mennen nan yon spiral vyolans ki ka koze anpil dega nan kominote nou an.

Nou salye kouraj Joseph Samuel Guillaume, Sadrax Ulysse, ak tout lòt jounalis ki pa janm pè denonse move aksyon yo, menm lè yo konnen danje ki ladan. Angajman yo nan emisyon yo, kote yo toujou kritike desizyon san sans, denonse abi pouvwa, ak mete devan mank jesyon, se yon limyè k ap gide sosyete nou an. Se yon rapèl ke, malgre menas yo, batay pou jistis ak verite a dwe kontinye.

https://youtu.be/yDXMo5pCHqg?si=oiv_Y_2bu_A-HSDl

Laprès pa yon krim, men yon miray kont tout deriv nan sosyete a. Jounalis yo se sentinèl ki asire ke sitwayen yo enfòme epi ke responsab yo rann kont. Pou moun ki chwazi menase jounalis yo, nou di nou klè : entimidasyon nou pap fè nou janm retounen dèyè.

Batay pou libète laprès se batay pou yon sosyete lib. Ann mete tèt ansanm pou pwoteje jounalis nou yo epi defann valè ke yo reprezante.

Jean Launy Avril
Editoryalis, Centre à la UNE

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar

Laisser un commentaire