1.34 milya dola Ameriken, se kantite lajan sa a Ayiti ap bezwen pou reponn ak kriz sekiritè a sou 2 lane, selon evalyasyon rapid enpak kriz (RCIA). Se yon evalyasyon ki fèt ant Leta Ayisyen ak bayè de fon yo.

Ayiti ap viv yon reyalite ki depase konpreyansyon: gwoup gang yo ap simen laterè ak zam gwo kalib nan men yo, pandan Polis Nasyonal Ayiti (PNH) ap lite ak mwayen limite. Sa ki pi grav la? Ayiti pa fabrike zam, e menm jan sa yo toujou ap sikile nan tout kwen peyi a. Kote zam sa yo soti? Ki moun k ap voye yo? Kiyès ki responsab?

Zam nan men gang : yon mistè òganize

Malgre Ayiti pa gen okenn faktori ki pwodui zam, gang yo posede gwo zam lagè tankou AK-47, M-16, ak mitrayèt lou. Rapò entènasyonal yo montre wout sa yo fèt sitou nan kontrebann atravè lanmè. Fwontyè yo ouvè, pò yo pa kontwole, epi anpil moun nan sistèm lan, ki ta dwe pwoteje popilasyon an, patisipe nan konplo a. Gen peyi vwazen, espesyalman nan Karayib la ak nan Amerik la, ki sèvi kòm pwen tranzit pou zam sa yo rive nan men gang yo.

Yon polis san mwayen fas ak gang ki byen ekipe

PNH la ap goumen ak zam ki souvan demode, pandan gang yo montre zam yo ak fyète nan videyo sou rezo sosyal yo. Diferans lan fè pè : gang yo gen plis zam, plis minisyon, epi yo menm itilize teknoloji ki depase kapasite polis la. Men, gwo kesyon an rete: Ki moun ki finanse gang yo? Kiyès k ap voye zam sa yo?

Nasyon an nan yon sèk visye vyolans

Rezilta a klè : kidnapin, masak, piyaj ak abi dwa moun. Popilasyon an, san okenn pwoteksyon, ap soufri anba pouvwa gang yo. Fwontyè ouvè yo ak mank kowoperasyon ant Ayiti ak lòt peyi fè zam kontinye rantre fasil, san okenn blokaj. Pandan se tan, fanm, timoun, ak travayè yo se premye viktim sistèm sa a.

Tan pou nou leve kanpe

Solisyon an mande yon aksyon nasyonal ak entènasyonal ansanm. Kominote entènasyonal la dwe kolabore avèk Ayiti pou fèmen tout chanèl k ap voye zam sa yo. Men, sa p ap posib si pa gen volonte nan men moun k ap dirije yo pou yo konbat koripsyon epi renfòse enstitisyon yo.

Batay kont zam ilegal se yon batay pou sove nasyon an. Si otorite yo pa pran responsabilite yo, gang yo ap kontinye deside avni peyi a. Solisyon an pase nan refòm fon, fòmasyon polis la, ak bon jan sipò entènasyonal pou koupe chemen zam sa yo.

Ayiti paka kontinye nan wout sa a. Se tan pou n leve kanpe epi mande jistis!

Jean Launy Avril
Editoryalis – Centre à la Une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841