Depi atak bandi yo te mennen sou Kenscoff nan mwa janvye 2025, agrikiltè yo pa ka antre nan jaden yo ankò. Daprè temwayaj plizyè nan yo ak AyiboPost, se tout yon sistèm ki kraze: agrikilti a kanpe, apwovizyònman mache yo pètibe ak pri pwodwi yo ki monte tèt nèg.

Mimose, yon Madan Sara ki vann legim fre nan mache Tèt Dlo, Petyonvil, depi lane 2021, di li gen anpil difikilte jwenn kreson, pòw, ak chou tankou anvan. Anvan, li te konn al chèche machandiz nan lokalite tankou Bongars, Kadenèt, Belot, Bwa Majò ak Baret. Kounye a, tout aktivite sa yo prèske paralize.

« Nou jwenn sèlman kèk ti kantite pwawo, letchou, kawòt ak chou, epi lè yo rive, machann yo pran yo menm kote », se sa Mimose esplike. Majorite machandiz li soti Furcy, men gang yo vin mete plis baryè sou wout yo. Menm bagay pou Seguin, kote li te konn al chèche pèsi ak pwawo, men li te atake tou kòmansman mas.

Anvan atak yo, Mimose te konn achte jiska 100 000 goud pwodwi agrikòl chak jou — tankou kreson, chou, kawòt, letchou, pwa dous, ak pòmdetè — epi vann yo menm jou a. Li te konn vann jiska 70 sak kreson pa jou. Kounye a, li ka jwenn sèlman 20 sak, paske li pa ka ale kote li te konn achte anvan. Pri transpò a ogmante tou: soti Bongars rive mache Tèt Dlo, moto k ap pote machandiz pase de 100 a 250 goud. Menm tarif sa a aplike pou Furcy.

Kriz sa a gen gwo konsekans sou sezon plante prentan an, ki pa ka fèt nòmalman akoz prezans gang yo nan zòn agrikòl enpòtan tankou Vyad, Sousay, Bongars, Nouvèl Touray, Godèt, ak Belot.

Kenskòf se youn nan pi gwo zòn k ap bay legim pou Pòtoprens. Klima frèt li yo, sèlman 24 km de kapital la, pèmèt yo plante bètrav, kawòt, chou, pòmdetè, letchou ak zonyon. Malgre pa gen dènye etid ki bay chif sou pwodiksyon anyèl zòn nan, an 1994, Natural Resources Institute ak CARE International te estime Kenskòf ak Segen ansanm t ap pwodui anviwon 36 000 tòn legim pa ane.

Michelet Valcourt, ki soti Kafou Bèt ak Furcy, te deja prepare 5 kawo tè ak chou, mayi, pwa kongo ak pwavon. Li te depanse 90 000 goud pou semans pòw ak plant pwavwon. Li gen lòt jaden ak pwa nan Furcy ki vo 200 000 goud.

Lherisse Vernelus, yon lòt agrikiltè soti kafou Bèt, te pèdi 15 manm fanmi l nan atak janvye yo. Li te deja mete 70 000 goud nan plant letchou, pwawo, kreson ak pòmdetè. Li pèdi tout plant li yo, ki gen ladan 7 sak plant pòmdetè. Dabitid, li konn envesti 200 000 goud epi fè jiska 75 000 goud benefis.

Patrick Jean Jacques, ki gen jaden nan Obléon ak Vyad, mete 122 000 goud nan plante pòmdetè, men li pa ka rekòlte yo. Li gen pwawo pare pou vann, men li pè al nan jaden l. Li te ka fè kat fwa sa li mete si l te ka vann.

Ajans agrikòl J.C AGRI-CONSULT AGENCY PLUS, ki gen 6 ane sou wout Belot, Kenscoff, di li pèdi tout jaden li yo sou 3 kawo tè ki te gen pòmdetè, fig, chou ak pòw. Boutik agrikòl li te genyen ak semans, angrè ak lòt pwodwi te fin piye tou.

Gen fanmi ki depann de rekòt sa yo pou viv. Genès Dorismé, ki gen 58 lane, se manman 3 pitit, li plante pwaro nan Godèt pandan plis pase 30 lane. Atak gang yo kraze tout plan li: « Mwen pèdi yon jaden pòw ki te pare pou ranmase », li di, pandan l ap viv kounye a lakay yon fanmi li nan Tomasen.

Gang yo pa sèlman mete pyès sou agrikilti a, yo touye plis pase 100 moun, brile plis pase 870 kay, ak vòlè bèt ak rekòt. Emmanuel Pierre, yon administratè nan meri Kenskòf, di gang yo menm fè yon wout pou soti Clémenceau, Procy, pou al vann machandiz yo nan Carrefour.

Agrikiltè ki ka rekòlte pa gen kote pou vann, epi machann yo ap fè fas ak pri transpò ki monte. Yon sak kreson ki te konn koute 1 250 a 2 000 goud, ap vann kounye a ant 2 500 ak 4 000 goud. Mimose di li oblije vann sak la a 4 500 goud, e si li pa vann, li mete l desann a 1 500 goud pou li pa pèdi li.

Yon tèt chou ki te konn vann 50 goud ap koute jiska 500 goud kounye a. Yon douzèn tèt chou vann ant 600 ak 3 500 goud. Sak pòmdetè a vann ant 2 500 ak 3 000 goud.

Malgre tout difikilte sa yo, gen machann tankou Monique, ki vann legim nan Ti Wazo, ki pa abandone. « Pou jwenn machandiz, mwen oblije leve byen bonè, anvan solèy leve », Li di wout la vin pi danjere chak jou.

Gang « Krisla » ki soti Ti Bwa kontinye atake Kenskòf. Nan dat 20 avril la, yo te atake sòlda FAD’H, kote yo touye 3 sòlda. De jou anvan sa, yo te fè lòt atak…

Henry ALPHONSE, Jounalis e kominikatè sosyal, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841