Yon sistèm edikatif ki dekonèkte ak bezwen sosyo-ekonomik yo transfòme nan yon enstriman dominasyon ki perpetue inégalité ak dekourajman. »Bourdieu, Pierre. « La Reproduction »
Nan dènye ane yo, nou remake yon ogmantasyon nan kantite jèn Ayisyen ki abandone lekòl pou plonje tèt yo nan mond rezo sosyal la. Fenomèn sa a, ki parèt kòm yon altènativ kote yo jwenn atansyon ak rekonètman, ap vin pi komen, e li soulve gwo kesyon sou lavni ak byennèt jenerasyon sa a. Nou nan Centre à la Une chwazi adrese fenomèn sa a nan editoryal jodi a pou nou ankouraje yon refleksyon kolektif sou sa li reprezante pou sosyete nou an.
Yon altènativ ki Donnen an Pyèj
Plizyè faktè pouse anpil jèn pou kite lekòl. Mank opòtinite ekonomik, limitasyon nan sistèm edikatif la, epi inyorans kèk responsab ki pa reyisi ankouraje ak soutni jèn yo, kontribye nan fè jenès nou an santi ke lekòl pa ofri yo solisyon reyèl. Se konsa, yo souvan chwazi pataje lavi yo ak rèv yo sou rezo sosyal, ki vin tounen yon fason pou jwenn yon sans de valè ak rekonètman. Rezo sosyal yo, kote jèn yo santi ke yo ka kreye yon lavi kote yo egziste e yo enpòtan, ap kreye yon ilizyon ki, nan anpil ka, fini nan dezilizyon.
Pèdi vi prive ak enpak sante Mantal
Pataje lavi prive san limit sou rezo sosyal la vin gen konsekans grav, sitou pou jèn ki poko gen ase eksperyans pou konprann enpak alontèm sa genyen. “Tout bagay la deyò,” se sa jèn yo repete souvan, san konsidere danje ki nan ekspoze lavi yo bay piblik la. Rezilta a se yon ensekirite ki grandi lè reyalite a pa aliye ak imaj yo te kreye sou rezo yo. Konpare tèt yo ak lòt moun, chèche validasyon ki depann de opinyon moun yo pa konnen, ap vin chaje yon nouvo jenerasyon ak fristrasyon, presyon sosyal ak menm depresyon.

Lajan rapid, men avni ki Pa Dirab
Piblisite kontni ak envitasyon k ap koule rapidman sou medya sosyal fè anpil jèn santi ke yo ka fè lajan san edikasyon fòmèl. Gen kèk ki reyisi atire plis moun e menm fè kèk kòb nan kreyasyon kontni, men reyalite sa a trè fwòd. Pandan yon ti tan, rezo sosyal la ofri yon jan de estabilite, men li kreye yon depandans ki pouse anpil jèn bliye valè reyèl nan edikasyon ak devlopman pèsonèl. An reyalite, sa yo jwenn sou rezo yo souvan pa ka ranplase yon karyè dirab.
Yon fòm eskapism pou fè fas ak Reyalite
Sa klè ke yon pati nan dekourajman sa yo soti nan yon sistèm ki difisil, men rezo sosyal yo fèmen jèn yo nan yon fòm « eskapism » kote yo chèche sove fristrasyon ak pwoblèm reyalite yo. Karl Marx te deklare ke “yon sosyete ki echwe pou ofri opòtinite pou jèn yo, fè yo santi yo etranje nan pwòp anviwònman yo.” Sa ki kòmanse kòm yon refij pou jwenn konsolasyon ka vin tounen yon pi gwo prizon ki izole yo.
Yon apèl pou yon angajman Kolektif
Se nan konbat pwoblèm sa a ke tout sosyete a dwe antre ansanm. Gouvènman, pwofesè, manm kominote yo, e menm fanmi jèn sa yo, bezwen rekonèt rezo sosyal la kòm yon eritaj konplèks ki gen risk e ki bezwen ankadreman. Sistèm edikatif la dwe refòme pou ofri pi bon mwayen pou jèn yo wè lavni yo nan lekòl ak fòmasyon ki adapte a reyalite yo. Nou ta ka envesti nan pwogram ki ankouraje antreprenarya e ki ofri lòt opòtinite ekonomik. Paulo Freire te di ke “edike se libere.” Se yon nesesite pou nou oryante jèn nou yo ak edikasyon ki bay sans, ki ankouraje refleksyon, epi ki pèmèt yo wè potansyèl yo.
Yon avni ki gen valè
Nan yon sosyete kote validasyon ak eksitasyon nan rezo sosyal la vin chanje fason jèn yo panse, se yon enperatif pou nou tout mete ansanm pou reoryante jenerasyon sa a. Gen espwa ke avèk sipò ak opòtinite ki adapte a bezwen yo, jenerasyon sa a ap jwenn yon sans lavi ki solid. Centre à la Une rete angaje pou edike e bay enfòmasyon ki ankouraje yon Ayiti kote jenès nou an kapab grandi ak diyite, e ak yon avni ki gen valè.
Jean Launy AVRIL, Centre à la UNE !